Creole
Levanjelizasyon ak Chemen Disip parabòl Bon Tè a ekipe moun ki ap suiv Jezikri yo yon fason pou yo ka pataje istwa lespwa Bondye a nan yon mond ki plen ak konpetisyon kilti ak doktrin relijye. Nou devlope e nou pataje resous ministè ki gen baz li sou ansèyman levanjelizasyon ak chemen pou vin yon disip ki soti nan Labib . Non “Bon Tè E & D” a soti nan parabòl grenn nan ak tè yo. Grenn nan se mesaj levanjil la. Men kòman Jezi te defini yon “bon tè”? Matye, Mak, ak Lik itilize twa mo diferan nan okazyon sa yo pou dekri yon “bon tè”. →