Kisa ki se yon Bon Tè?

Levanjelizasyon ak Chemen Disip parabòl Bon Tè a ekipe moun ki ap suiv Jezikri yo yon fason pou yo ka pataje istwa lespwa Bondye a nan yon mond ki plen ak konpetisyon kilti ak doktrin relijye. Nou devlope e nou pataje resous ministè ki gen baz li sou ansèyman levanjelizasyon ak chemen pou vin yon disip ki soti nan Labib . Non “Bon Tè E & D” a soti nan parabòl grenn nan ak tè yo. Grenn nan se mesaj levanjil la. Men kòman Jezi te defini yon “bon tè”? Matye, Mak, ak Lik itilize twa mo diferan nan okazyon sa yo pou dekri yon “bon tè”.

Kòman mwen ka ede youn moun ki pa konvèti konprann levanjil la?

Lè n’ap prezante levanjil la bay yon enkwayan ki konn jis kèk ti detay oswa pa konn anyen ditou sou Bib la ak lafwa Kretyen an, li posib pou fason li aktyèlman wè mond lan lakòz li pa byen konprann tèm oswa konsèp ke n’ap itilize yo. Pou gen yon chanjman nan "fason yo wè mond lan" nan pwosesis pataje levanjil la, li enpòtan pou nou esplike fè Biblik ki esansyèl pou ede yo konprann levanjil la. Men tou, pou fè sa byen fè sans, nou menm tou nou dwe pataje ak yo kontèks istorik istwa redanmsyon an ki dewoule atravè Bib la.

Istwa Lespwa a se yon resous ki fleksib (ou ka fè l’ fè plis tan oswa mwens tan) pou ede w prezante gwo istwa redanmsyon ki nan Bib la nan sèlman kenz minit oswa pandan plis ke ven-tèdtan. Li fèt pou etid Biblik sou levanjil ak yon bèl gwoup moun, yon ti gwoup moun, oswa yon grenn moun, men tou, li trè itil nan ansèyman plan redanmsyon Bondye a ak moun ki kwayan yo. Gen ladan l yon etid sou 40 evènman Biblik (20 nan Ansyen Testaman an ak 20 nan Nouvo Testaman an) ak kat plizyè kote ki nan Bib la.

Kòman mwen ka ede yon nouvo kwayan kenbe fèm sou levanjil la?

Levanjelizasyon se yon pwosesis ki konbine entèvansyon divin avèk lòm, e se menm bagay la tou pou chemen disip la. Vrè kwayan ki se disip Jezi yo ap pèsevere nan lafwa paske Bondye kouvri yo anba zèl Li. Men tou li vrè ke Bondye chwazi pou sèvi ak nou pou “fè lòt disip”

Chemen Lajwa a se yon lòt etid segondè ke nou prepare pou ede nou dirije nouvo kwayan yo atravè dis leson enpòtan, ki kouvri yon rezime de plan redanmsyon Bondye a, yon pwogram ki rele ChronoBridge to Life, sekirite ak asirans, Bib la, lapriyè, Sentespri a, sentete pèsonèl , temwayaj, legliz lokal, ak plan Bondye pou lavi kwayan an. Chak ti liv gen ladan yo yon kantite kat “vèsè pou memorize” ak yon plan Biblik pou ede w li yon chapit chak jou.

Gen tou yon ti liv etid fondamantal sou Labib, sou gid yon lidè, ki fèt prensipalman pou itilize kòm yon etid levanjil segondè sou chemen disip. Li fèt prensipalman pou sesyon sou chemen disip ak yon sèl moun. Sepandan, li ka itilize tou nan kontèks yon ti gwoup moun oswa kòm yon ti liv etid pou klas nouvo konvèti yo. Li gen ladan l’ dis leson ak yon kantite kat “vèsè pou memorize” ki gen koneksyon ak leson yo.

Creole Condensed

Istwa Espwa a - Vèsyon Kout

Vèsyon pòch sa a gen ladan l’ imaj koulè de 20 evènman sa yo ki sot nan Labib: Bondye Etènèl la; Kreyasyon Linivè; Kreyasyon Limanite; Yon Zanj Puisan Tonbe; Kòmansman Peche Lòm; Orijin Lanmò; Pwomèt de yon Moun k’ap Defèt Satan; Pwovizyon Kouvèti; Ranplasan Tanporè; Pwomès yon Sovè gen pou Vini; Nesans Jezi, Sovè a; Men Ti Mouton Bondye a; Rankont ak yon Lidè Relijye; Jezi Deklare Li se Youn ak Bondye; Soufrans pou Peche Nou yo; Padon de yon Moun ki Koupab; De Lanmò a Lavi; Asansyon nan Syèl la; Gran Fotèy Jijman Blan an; Paradi Restore. Anplis de vèsyon istwa kout la a, gen yon vèsè Biblik ki koresponn e ki akonpanye chak evènman.

Creole Sem Wkbk

Liv Pratik Seminè Sou Evanjelizasyon Ak Chemen Disip Bon Tè a

Liv Pratik sa a itilize nan Fòmasyon Evanjelizasyon ak Chemen Disip ki respektif ak pwendvi sou mond lan.

Leaders Guide Template Cb Creole

Kat Pon Kwonolojik rive nan Lavi

Kat sa yo piti ase pou yo antre nan pòch ou, e yo fèt pou yo itilize pou prezante Pon Kwonolojik rive nan Lavi nan moman temwanyaj pèsonèl. Seri nèf kat sa a gen ladan l’ yon kat pou chak nan uit konsèp Pon Kwonolojik yo ak yon kat Repons Pèsonèl.

Leaders Guide Template Tsoh Creole

Istwa Lespwa a – Gid Lidè a

Sa a se yon Gid Lidè ki gen plis pase 100 paj pou Istwa Lespwa a. Li gen ladan l’ konsèy sou ansèyman pou ede w itilize Istwa Lespwa a nan yon sesyon ou genyen ak yon sèl moun, oswa nan yon etid Biblik ak yon ti gwoup moun. Li gen ladan l’ tou repons sou kesyon ki nan Istwa Lespwa a.

Telechaje

Leaders Guide Template Twtj Creole

Chemen Lajwa a – Gid Lidè a

Sa a se Gid Lidè 39 paj sou Chemen Lajwa a. Gid sa a diferan de Gid Fasilitatè Klas la sou Chemen Lajwa a, paske li itilize Chemen Lajwa a epi li mete aksan prensipalman sou sesyon chemen disip ak yon sèl moun (oswa yon ti gwoup moun).

Telechaje

Enfòmasyon sou Kontak

Pou plis enfòmasyon oswa pou w kapab kòmande resous sa yo, silvouplè voye yon mesaj ban nou sou: Creole@GoodSoil.com.

Nou kab vizite paj sa a pou nou dekouvri lòt resous adisyonèl: GoodSoil.com/Resources.

Join Our Mailing List

Get notices for new products, resources, and training events.

Set your country and language

We will add support for new countries and languages in the future.